Chak lendi maten, yon gwoup sitwayen pran direksyon ayewopò nan nò peyi a ak espwa pou yo kite Ayiti pou ale Brezil, Chili ak Meksik. Sepandan, pou anpil ladan yo, vwayaj sa a pa rive fet nan nivo pwomès ajans vwayaj yo fè yo, pandan y ap kontinye tann san okenn garanti klè sou depa yo.

Li fè 5 è 15 nan maten. Nan ayewopò nò peyi a, rasanbleman abityèl la deja kòmanse. Toupre komisarya polis la, plizyè santèn sitwayen reyini prèske chak madi . Yo vini ak anpil espwa pou yo tande non yo site nan apèl yo fè, yon premye etap ki kapab pèmèt yo pase devan ajan imigrasyon yo pou antre nan ayewopò a.

Daprè temwayaj plizyè pasaje, ajans vwayaj yo deja ranmase lajan nan men yo pandan plizyè semèn, menm plizyè mwa, san yo pa respekte angajman yo te pran pou fasilite deplasman an. Sitiyasyon sa a mete anpil moun nan gwo enkyetid.

« Yo te di nou n ap pati rapid. Mwen la depi 4 è nan maten, men jiska prezan nou toujou ap tann », se deklarasyon yon manman ki ak yon pitit fi li.

Chak madi vin tounen yon jou espwa, men tou yon jou kove pou anpil sitwayen. Gen ladan yo ki di yo oblije kite travay yo oswa vann byen yo pou yo te ka peye vwayaj la, men yo poko janm monte avyon.

« Mwen prete 90 000 goud nan men yon moun, epi 30 000 goud nan men yon lòt moun pou Danger John Wesley fè m pati. Men li pa janm fè m monte avyon. Lè m rele l nan telefòn, mwen pa janm jwenn li », deklare Adler Saint Jacques, ki soti Ti Gwav.

Gen lòt pasaje ki fè konnen se pwoblèm fo viza ke ajans yo ba yo. « Sa fè 2 semèn mwen la, san mwen pa konnen sa ajans lan ap fè avè m. Mwen te fin peye tout lajan an, epi yo fè m bay 500 dola ameriken anplis. Lè yo rive pou verifye papye m yo, yo di viza m pa bon », ajoute yon sitwayen ki soti Pòtoprens.

Depi kèk lane, sitiyasyon sa a ap soulve kesyon sou fason kèk ajans vwayaj ap fonksyone, sitou sou kesyon kob mounn yap pwan. Plizyè obsèvatè kwè li nesesè pou otorite konsène yo entèvni pou mete yon fren nan pratik sa yo epi pwoteje sitwayen yo kont posib abi.

Pandan tan sa a, moun ki viktim yo kontinye ap rele e viv nan gwo enkyetid, ant espwa pou yo kite peyi a ak yon reyalite ki toujou ap retade.