Nan vil Okap, moto a twa wou vin tounen youn nan prensipal mwayen transpò ki pi rapid pou popilasyon an, sitou pou elèv, etidyan, komèsan elatriye. Sepandan, fason yo itilize mwayen transpò sa a soulve gwo enkyetid sou plan sekirite piblik la. Souvan, ti fi ak ti gason chita youn sou lòt, ap danse pandan moto a ap sikile ak gwo mizik, sa ki mete lavi yo an danje nan dezyèm vil peyi a.

Cette photo a été prise à la Rue 18 L, samedi 24 janvier 2026.

Sou wout nasyonal yo, espesyalman bò pon sou Wout Nasyonal Nimewo 6 la, obsèvasyon ki fèt chak apremidi lè elèv ap sòti lekòl montre elèv fi chita sou elèv gason sou moto 3 wou yo, ak mizik rabòday byen fò, san okenn mezi pwoteksyon. Sitiyasyon sa a remake lakay elèv ki soti nan plizyè lekòl ki gen gwo non nan vil la.

Pratik sa a kontredi règ sikilasyon yo epi mete lavi elèv yo, chofè yo ak lòt itilizatè wout yo nan gwo danje. Plizyè fwa, yo remake moto 3 wou yo konn pote ant 8 ak 10 elèv, pandan moto sa soti nan fabrikasyon pou l kapab pote 4 moun sèlman. Sa ki rann ti moto yo pi fasil pou fè aksidan epi mete lavi elèv yo ak lòt moun an danje.

Un journaliste a pris cette vidéo avec précaution lors d’un tour sur la route nationale n°6.

Aviasyon, yon chofè moto ki byen konnen liy lan, rekonèt sitiyasyon an pa nòmal. Li esplike : « Nou konnen gwo mizik sou ti moto yo pa bon, men anpil fwa nou oblije fè l, paske se elèv yo menm ki mande sa. Si pa gen mizik, yo pa monte. »

Yon elèv ki itilize moto 3 wou chak jou admèt danje ki genyen ladan l : « Nou konnen sa riske, men pafwa se sèl mwayen pou nou rive lakay nou epi pi rapid. Lè lekòl lage, li difisil pou jwenn plas lòt kote », li deklare.

Malgre lwa sikilasyon yo klè sou kantite pasaje ak nivo bri nan transpò piblik, sitiyasyon k ap devlope sou de prensipal wout nan Okap yo montre yon feblès nan travay Direksyon Santral Polis Routyè (DCPR). Absans kontwòl regilye, mank sanksyon vizib ak dirab, ansanm ak tolerans fas ak pratik danjere sa yo, bay yon move imaj pou vil la. Jiskaprezan, otorite ki responsab sikilasyon an pa sanble ap asime wòl yo efektivman, e dezòd sa a kontinye mete lavi elèv yo ak sekirite piblik vil la an danje.

Fenomèn itilizasyon moto 3 wou yo nan vil Okap mande yon refleksyon serye ak aksyon ijans. Sekirite elèv lekòl yo pa ka kontinye depann de abitid danjere, mank disiplin ak tolerans otorite yo. Li nesesè pou Minisipalite a, DCPR ak responsab lekòl yo mete ansanm pou ranfòse kontwòl sou wout yo, sansibilize elèv yo ak paran yo sou risk ki egziste yo, epi aplike sanksyon ki prevwa nan lwa a san patipri. San mezi konkrè ak dirab, moto 3 wou yo ap kontinye pase soti nan yon solisyon transpò pou tounen yon menas reyèl kont lavi elèv yo ak sekirite piblik nan vil Okap.

Kisa Minisipalite Okap la ak Direksyon Santral Polis Routyè (DCPR) ap fè konkrètman pou kontwole itilizasyon moto 3 wou yo, sitou sou kesyon kantite pasaje, nivo bri ak transpò elèv lekòl yo sou wout piblik yo ?