Fanmi Andre Chilove bloke lari Okap jodi lendi 9 septanm lan, apre yo fin dekouvri mò a defigire sa ki te pèmèt gwo eskandal fèt malgre te gen prezans lapolis ak jij de pè.

Andre Chilove se yon jèn dam ki te malad byen mal, mari l te deside ale Ansafolè avè l. Malerezman li ta pral paka reziste ankò kote li mouri madi maten ki sot pase a. Mari a te deside tounen Okap ak mò a kote yo te peye yon machin, pandan mò a te rive nan moso wout (Pò Mago), yon machin mòg (Makendy Tere Mò), pran l pou rive Okap avè l. Fanmi an te san pwoblèm epi diskite tarif la avèk administrasyon mòg la. 

« Li mouri nan menm sou lestomak mwen. Li pa mouri ap bay san, li pa mouri ni ak je pete ni ak pye kase. Plizyè fwa m rele misye pou m vin verifye mò a li pa dakò. Jodia fè l 7 jou. Se lè l pral antere a misye dakò pou m antre, pou m al pran l. Lè m rive andedan, m wè tout kò l se san tout bouch li, tout zòrèy li ap bay san », sa se deklarasyon mari dam lan ki te abiye ak yon vès nwa chemiz blan sou li.

Fanmi mò a deklare yo bay plis pase 38 mil dola pou transpò ak plizyè jou mò a fè nan mòg la. Malgre prezans lapolis, jij de pè pa t kapab gen yon antant ant fanmi mò a ak mèt mòg la. N ap raple w se pa premye fwa ka sa prezante nan vil Okap. Malgré sa leta poko ka poze gwo aksyon lè ka sa yo prezante.