Otorite jidisyè nan jiridiksyon Kapayisyen ap kontinye mennen ankèt sou yon nouvo eskandal ki gen rapò ak tranzaksyon tè. Dapre enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an, yon notè byen koni nan zòn nan te konvoke nan kabinè d’instriksyon apre plizyè plent ki fè kwè li ta enplike nan yon ka “vann byen moun”.
Sous jidisyè yo fè konnen notè a ta resevwa yon gwo kantite lajan ameriken sou kont pèsonèl li kòm peman pou yon tè ki sipoze vann nan zòn Magagnos. Men, malgre tout dokiman yo siyen, kliyan an pa janm rive antre an posesyon tè a. Lè moun ki te peye lajan an mande pou li jwenn remboursman li, notè a ta deklare li te aji “pou yon lòt moun”, san li pa kapab prezante okenn prèv ki konfime deklarasyon sa.
Daprè temwayaj yo, se sèlman ak notè a achtè a te fè tout demach, atravè yon entèmedyè ki te prezante tèt li kòm “demachè tè”. Sitiyasyon sa soulve anpil kesyon sou kredibilite kèk notè nan pratik pwofesyon an ak mank siveyans sou tranzaksyon imobilye yo.
Kabinè d’instriksyon an anonse li pral kontinye tande tout pati konsène yo pou klere opinyon piblik la sou verite a. Dapre sous yo, si akizasyon yo konfime, notè a ka fè fas ak pouswit grav pou fwod ak abi de konfyans.
Ka sa vin ajoute nan lis eskandal ki souke sistèm notaryal peyi a, kote anpil sitwayen kontinye sibi pèt ak dezapwentman nan men moun ki ta dwe garanti sekirite legal yo.
