Dènye rapò Biwo Entegre Nasyon Zini yo an Ayiti (BINUH), ki parèt nan dat 31 jiyè 2025 ki sot pase a, montre jan bagay yo vrèman malouk sitou nan kesyon dwa moun yo nan peryòd mwa avril pou rive mwa jen an: 1,520 moun ki mouri, 609 ki blese, 628 viktim vyolans seksyèl ak 185 kidnaping.

Chif sa yo ap montre klè sou jan gang yo, gwoup ki ap defann tèt yo ak fòs sekirite yo ap fè pi gwo mechanste yo nan yon moman kote leta a prèske pa egziste menm.

Pandan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ap chita nan biwo yo, pèp ayisyen an ap viv nan gwo kalimatcha chak jou. Depi yo rive nan pouvwa a, yo pa janm montre yo gen kapasite pou yo rezoud okenn pwoblèm ki ap ravaje peyi a. Olye pou yo konsantre sou sekirite ak devlopman peyi a, y ap pèdi tan nan politik ak konpetisyon.

Gang yo ki t ap fè sa yo vle depi lontan an, yo kontinye ak masak yo, vyòl yo ak kidnaping yo san okenn pèrèz. Fòs Miltinasyonal la ki te vini pou ede nou an pa ka fè anyen devan kantite mechanste ki ap fèt la. Leta ayisyen an prèske disparèt nèt, epi KPT a pa gen okenn estrateji ki klè pou rezoud kriz la.

Sitiyasyon an vin pi mal pase jan l te ye anvan. Moun k ap mouri chak jou , fanmi yo k ap kriye, timoun yo ki pa ka ale lekòl, teritwa k ap pèdi… Tout sa a kontinye pandan y ap diskite nan salon yo.

KPT a echwe nèt nan misyon yo te gen an. Yo pa kapab bay garanti sekirite, yo pa kapab bay sèvis yo pou pèp la, yo pa kapab remake ekonomi an. Yo jis ap okipe espas la san yo pa bay okenn rezilta konkrè.

Peyi a bezwen yon nouvo direksyon ak moun ki gen vizyon ak kapasite pou yo mennen batay la kont ensèkirite ak mizè. KPT a montre nou yo pa gen sa ki fò pou yo rezoud pwoblèm Ayiti yo.